Tous Société Politique Éducation Santé Justice Securité Banditisme International Culture Technologie Nécrologie Sport

Solino an flanm, Potoprens an sann !

Solino an flanm, Potoprens an sann !
Opinion / Société | 2024-11-14 | 445 Vue(s)


Jounen jedi 14 novanm lan se youn nan jounen ki pi terib moun solino ap konnen. Apre lanmò Ajan swat Jeff ayè an, se blakawout total sou katye sa ki gen plis pase 3 lane ap reziste anba atak gang ak sapat san fwa ni lwa ki lage san kòd san tètyè nan kò malere ak malerèz kap bouske lavi nan redi. 


Solino pap peri, Solino pap gansterize, Solino pap teritwa pèdi se te slogan abitan sila yo ki te toujou kwè nan fòs Lapolis ak Lame pou ede yo kwape move je kap tante vin simen latwoublay pami yo. 

Solino limitwòf ak Nazon, Kriswa, sou Fò, Boudon, Lali ak kèk lòt ankò sa ki vle di zòn sa yo pap lwen tonbe anba dominasyon òganizasyon teyoris viv ansanm si Leta kontinye ap fè zye dou ak gang yo. 


Se yon dal fanmi ki, byen kou mal, ap goumen pou viv, k ap kreye rezon pou yo kontinye egziste, k ap konvenk tèt yo demen ka miyò, ki t ap tann Leta di yon mo nan dosye ensekirite jeneralize sa jous yo tounen pwa tann. E kounya ki pa konn ki sen pou yo rele paske ka a grav.


Pwofesyonèl, moun tout kouch, tout kalite malèt sou tèt, valiz nan do, panyen sou tèt, ti bebe nan bra, andikape, granmoun, chofè moto , chofè machinn, tout ap kouri anba bal, tout ap mande pye : "sa m manje m pa baw" pou evite kite po yo. Y ap redi sove kichòy men elas, y ap kouri san konnen ki lè yo ap ka retounen, san konnen ki gou demen ka genyen, san konnen kote y ap repoze vye kò yo pou manje ti moso pen si yo jwenn.  


Anba tonnèl malè nou se ki mele yo y ap danse, nan litani mizè nou se moso gato pouvwa k ap separe ant tout ansyen rat do kale ki te pèdi lespwa yon jou yo ta ka tounen nan manmèl peyi Dayiti vinn tete.

Ala pèp pa gen chans tonnè ! 

Syèl nou an vid, Avyon sispann frekante n paske nou reprezante menas pou vi ak byen yo, tout wout nasyonal yo bloke, yon pati nan nou "lock-in" yon lòt pati"lock-out", sila k te gen sere se yo k a chofe. Alòs se mal sele k ap foule, sila ki nan mal nan mal nèt. Kilès k a di adye, k a mande gras pou nou ? Kilès nan gwo potanta sa yo k a di ase pou nou ?  


Kanpe vàn san an, sispann touye, sispann apovri se kri moun k ap viv nan teritwa pèdi depi mwa fevriye yo. 

Kilè lòd ap tounen ? Kilè na sispann viv nan laperèz ? Jouskilè na ka re fonksyone nòmal isit ? Kilè na ka retounen viv lakay nou tankou moun ? Ban nou rale yon souf, se kont ! Se rèl sila ki kouri depi plis pase 3 lane nan Matisan. Kounya se kri moun Solino k ap dechire zantray tout vrè patriyòt isit kou lotbò dlo.


Leta sa w ap reponn ?


Lire aussi : Quand les gangs dictent la loi : l’État regarde, la police tombe

Similaire

Opinion / Société | 2025-06-11 | 80 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Filet / Société | 2025-05-18 | 136 Vue(s)
Djouly MOMBRUN
Article / Société | 2025-05-18 | 154 Vue(s)
Clernie Guerlande THÉODORE
Opinion / Société | 2025-05-15 | 200 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Société | 2025-05-13 | 148 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Société | 2025-04-21 | 168 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Filet / Société | 2025-04-15 | 566 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Éditorial / Société | 2025-04-08 | 258 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX

Autre

Éditorial / Securité | 2025-07-10 | 43 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Justice | 2025-07-07 | 51 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Culture | 2025-07-06 | 82 Vue(s)
Clernie Guerlande THÉODORE
Article / Securité | 2025-07-01 | 32 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / International | 2025-06-28 | 33 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Éditorial / Securité | 2025-06-27 | 63 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Securité | 2025-06-27 | 66 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Filet / Sport | 2025-06-20 | 63 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Accueil Archive Contact